Kominote sa a nan Kanada bay sekrè pou ibanis nwa a mache byen epi grandi

Opinyon: Pou ibanis nwa a mache byen epi grandi, fòk li nan lantouray yon seri enfrastrikti sosyal afwosantrik, enfrastrikti fizik ak ekonomik tou.

Atik sa a tou pibliye an angle ak franse.

 

Pandemi kovid la te frape pa pil pa pakèt biznis moun nwa Ozetazini kou Kanada, jan sa abitye fèt chak fwa genyen moman latwoublay sa yo. Restoran Mary’s African Cuisine lan se yon ka ki demanti tout pwonostik paske li pa janm kite anyen sou kont chans nan koze biznis - lè nou di li a, nou fè referans ak Mary Nkrumah, fondatris ak pwopriyetè Mary’s African Cuisine nan Alifaks, kapital pwovens Nouvèl Ekòs (Kanada). 

Restoran ki pote non Mary’s lan djanm sou plan ekonomik paske li itilize yon modèl estrateji biznis ki fonksyone an seri. Li mete sou pye, devlope epi kenbe sou ray plizyè biznis manje soti Gana rive Alifaks. Biznis moun nwa tankou pa Mary yo ki kontinye kenbe apre peryòd difisil montre kisa ibanis nwa a bezwen pou li mache byen epi grandi: yon anviwónman kote genyen enfrastrikti sosyal afwosantrik, ak enfrastrikti fizik epi ekonomik tou.

Imaj 1. Restoran Mary’s African Cuisine lan ki chita anba lavil Alifaks.

Pandan popilasyon moun nwa y ap gonfle chak jou pi plis anndan espas kote yo tabli yo, nan vil tankou nan zòn andeyò vil yo, yo vin anrasinen, yo tounen kominote lokal ki genyen pwòp touch kiltirèl pa yo. Nan ka bitasyon istorik afwo-newo-ekosè yo (Afro Nova Scotians - ANS) ki se abitan Nouvèl Ekòs ki desandan afriken, 52 vil istorik kote ANS yo t ap viv te rive kreye akoz segregasyon rasyal; se sa ki ta pral poze fondasyon pou ibanis nwa a devlope. Vil sa yo te pèmèt yon bon kantite moun nwa pran kab yo epi evolye anndan Nouvèl Ekòs ak pi lwen toujou.    

Kòm ibanis ak kritik k ap ekri sou ibanis nwa, mwen rete kwè kominote afwo-newo-ekosè yo se yon modèl rezilyans ki kapab kontinye grandi jenerasyon aprè jenerasyon; yo montre yon egzanp planifikasyon devlopman ekonomik ki tabli sou yon bon kantite lane - 50 lane oswa plis toujou - moun nwa yo te deside kreye nan lide pou kominote yo vanse.   

Enfrastrikti sosyal

Jounen jodia, moun ki nan domèn konstriksyon ak imobilye yo dwe rekonèt planifikasyon ki pran an kont kilti moun epi ki byen entegre sa nan espas kontanporen y ap bati dwe nan nannan ibanis nwa a pou li ka dirab. Nou ka jwenn apwòch global developman kominotè sila a nan inisyativ medam nwa yo kèlkeswa sa y ap òganize.  

Depi nan peryòd mouvman pou respè dwa sivil nwa yo, travayè sosyal nwa nan Amerik di Nò yo te òganize yo nan nivo transnasyonal pou yo ka priyorize enfrastrikti sosyal afwosantrik yo - pa sèlman estrikti fizik yo - kòm eleman kle nan devlopman kominote nwa yo. 

Imaj 2. Egzibisyon “A Walk Through Africville” (“Ti Pwomennen nan Africville”) nan Sant pou Konvansyon Alifaks lan (Halifax Convention Center). Africville se te yon vil istorik kote afwo-newo-ekosè te rete; yo ta pral raze li nan lane 1960 yo nan kad pwojè renovasyon ibèn. Egzibisyon sa a te rive òganize gras ak atis afwo-newo-ekosèz miltimedya Angel Gannon, yon manm Rezo Atis Nwa nan Nouvèl Ekòs - Black Artists Network of Nova Scotia (BANNS).

Ozetazini, Asosyasyon Nasyonal Travayè Sosyal Nwa yo (National Association of Black Social Workers) ta pral kreye nan lane 1968. Desizyon pou travayè sosyal nwa yo te chita ansanm nan pou kont li te deja yon siy pwotestasyon. Nan yon premye moman, fondatè asosyasyon an te ale San Fransisko pou patisipe nan Konferans Nasyonal sou Byennèt Sosyal, premye espas pwofesyonèl ki te egziste pou travayè sosyal yo kontre nan epòk la. Pandan rankont lan, yon gwoup travayè sosyal nwa te deside pran yon ti moman apa pou yo devlope yon pratik travay sosyal ki pran an konsiderasyon bezwen espesifik devlopman kominotè ak sosyal kominote nwa yo. Apre rankont sila, yo te kontinye òganize konferans sou yon baz regilye kote travayè sosyal nwa ki soti Etazini ak lòt kote te mache kontre epi tabli estrateji sou kijan yo te ka ede kominote yo.    

Apre yon gwoup travayè sosyal nwa ki te soti nan vil Monreyal nan Kanada te fin patisipe nan seri konferans sa yo, yo te tounen lakay yo epi kontinye travay kontriksyon ibanis nwa transnasyonal la; yo ta pral kreye Asosyasyon Travayè Sosyal Nwa (Kanada) nan lane 1977. 

Travay asosyasyon an tap pral blayi plis apre yon lòt gwoup ki te vle fè menm travay la te vin kreye de (2) lane aprè; non gwoup sa a se te Asosyasyon Travayè Sosyal Nwa nan Nouvèl Ekòs (Nova Scotia Association of Black Social Workers). Pami manm ki te mete asosyasyon sa a sou pye, nou jwenn Wanda Thomas Bernard, youn nan premye travayè sosyal ki ekri sou ka afwo-newo-ekosè yo; li te tou yon manm sena Nouvèl Ekòs la. Pedagoji ak pratik afwosantrik li ki prezante nan liv li a Travay Sosyal Afwosantrik (Africentric Social Work) kontinye ap enfliyanse jouk jounen jodia pwofesyonèl nan domèn nan ki vin devlope sansiblite ak konpetans pou konprann gwo plas lakilti nan sèvis y ap bay yo, epi pran an kont tromatis ak planifikasyon estratejik nan travay yo. Gwoup lan ta pral travay pou ede programe ak bay sipò ki esansyèl pou devlopman enfrastrikti sosyal afwosantrik pou tout pwovens lan. 

Anpil fwa, yo pa bay kontribisyon travayè sa yo enpòtans yo merite paske moun pi souvan konsantre atansyon yo sou aspè fizik ak ekonomik entèvansyon yo. Lè moun mete men ansanm e chwazi kreye yon idantite transnasyonal pou kolektivite a atravè ibanis nwa, kominote yo rive kontre malgre baraj jewografik ak diferans disiplin yo ladan yo a.

Imaj 3. Adwat: pano ki nan rantre Legliz Anglikàn St. Pol la. Agoch: kan sanzabri yo nan blòk Grande Parade la tou pre lameri vil Alifaks.

Enfrastrikti fizik 

Nan ka biznis ki fonksyone an liy yo, enfrastrikti fizik tankou rezo elektrik, antèn ki pataje siyal pou telefòn selilè ak entènèt atravè fib optik pèmèt avansman teknolojik e rann li posib pou moun fè biznis yo byen mache a distans, kote yo chita lakay yo.

Pou biznis ki genyen yon adrès fizik, li enpòtan anpil pou enfrastrikti fizik yo nan lantouray yo. Kote Mary chwazi mete restoran li an se yon kwen estratejik paske li tou pre plas istorik yo rele Grande Parade la nan Alifaks ki gen divès mwayen transpò pou moun al vizite l. Se pa manje kay Mary ki rann li popilè sèlman men tou fason li fasil pou tout moun vini ladann kèlkeswa ou ta a pye, sou bekàn, nan transpò piblik oswa nan machin prive w. 

Espas ki rele Grande Parade nan Alifaks la chita sou teren lakomin vil la. Li nan mitan yon legliz (Legliz Anglikàn St. Pol) ak yon batiman gouvènman an (lameri). Pa an wo restoran Mary a w ap jwenn Sit Istorik Sitadèl Nasyonal Alifaks la. Sitadèl la se yon fò ki te bati an pati gras ak fòs kouraj Nèg mawon ki soti Jamayik yo nan fen 20tyèm syèk la. Nèg mawon ki sot nan zòn karayib la te yon seri esklav ki pat aksepte koze esklavaj kolon yo tap eseye mete yo ladann lan e ki te revolte kont sa. Kèk nan yo te chape ale nan mòn sou teritwa Jamayik pou yo ka viv lib. Yo te rive depòte kèk lòt pou fòse y al viv nan koloni anglè yo te tabli nan Nouvèl Ekòs. 

 

Imaj 4. Restoran Mary’s African Cuisine lan chita nan ang plas istorik Grande Parade Alifaks la. (Kat anba lavil Alifaks / Google Maps).

Nan lane 1976, anviwon 600 Nèg mawon jamayiken te rive sou teritwa Nouvèl Ekòs. Menm si mawon yo te goumen epi rache libète yo anba men kolon anglè yo deja nan zile karayib kote yo te soti, lè yo vin tonbe sou teritwa nouvo koloni sa a nan Kanada, yo te mete yo yon fwa ankò nan travay fòse pou yo met men nan refòtifikasyon sitadèl la ak Otèl Gouvènè a. Nan fason sa a, kouwòn britanik lan te pwofite regle koze li sou fòs kouraj nèg mawon jamayiken yo san yo pat tire okenn benefis. Yo pat reziye yo pou otan; mawon yo te deside kontinye goumen pou libere tèt yo, yon fwa ankò, anba dominasyon kolon britanik yo. Yo te deside deplase ale sou teritwa kote zansèt yo te soti an Afrik. Nan lane 1800, pifò nan yo te pran wout vil yo rele jounen jodia Freetown nan peyi Syera Leyòn.     

Abolisyonis yo te tabli vil ki rele Freetown nan pou moun nwa ki te libere tèt yo, sou tout teritwa kote fòs kolon britanik yo te tabli, jwenn yon kote pou yo ka viv an sekirite. Pou yo te ka genyen yon kote yo ka viv san laperèz pou yo pa mete yo nan esklavaj oswa fè yo sibi diskriminasyon akoz koulè po yo ki nwa. Nèg mawon yo te youn pami plizyè kominote moun nwa ak moun divès ras ki te vin pran refij nan Freetown. Nan vil sa a, te genyen tou afriken, afwo ameriken, afwo karibeyen, lwayalis nwa, nwa ki fèt sou teritwa Grann Bretay ak Azyatik ki soti nan Sidès kontinan an. Kwazman ant aspè istorik kiltirèl, fizik ak ekonomik Freetown vin kreye yon gwoup etnik ki pote non pèp kreyòl Syera Leyòn nan.  

Jounen jodia, tras chanjman nan stil ibanis nwa yo parèt nan reyalite espas ak zòn ki twouve yo sou de (2) bò oseyan atlantik lan - yo parèt tou nan aspè fizik vil Alifaks. Plis pase 200 lane apre, sitadèl Alifax la ki te konstrui ak fòs kouraj nèg mawon jamayiken yo vin twouve l anwo restoran yon fanm ganeyèn-kanadyèn ap dirije.

Imaj 5. Imaj Alifaks apati teren sitadèl la.

Enfrastrikti ekonomik

Biznis Mary a toujou ap byen mache paske li tou pre yon seri enfrasktrikti afwosantrik. Gras ak tourism kilitirèl ki mete aksan sou kesyon patrimwàn, istwa sitadèl la ak bèl kalte estrikti li atire touris yo vini nan Nouvèl Ekòs ak devan pòt biznis Mari a. Lè kominote nwa yo ak alye yo bay esponsò sou baz koneksyon sosyal, sa kapab bay biznis nwa k ap inove yo bourad.   

Sipò sosyal yo jwe yon gwo wòl nan ankouraje devlopman bon jan enfrastrikti ekonomik ki gen bon rasin kiltirèl tou anndan kominote kote moun ki soti nan divès ras ap viv. Malerezman, pèspektiv yo pa enteresan menm jan pou kominote anndan Nouvèl Ekòs ki pa genyen menm kalte enfrastrikti fizik sa yo. Se pa konsa konsa enfrastrikti afwosantrik ki dire yo rete yo parèt; se moun ki konnen enpòtans yo ki kreye ak devlope yo.

Dirijan ak alye kominote nwa yo genyen lontan y ap chwazi kreye epi bay fòmasyon pwofesyonèl ak kou sou biznis ki pran an kont eleman kilitirèl yo. 

Black Business Initiative (Inisyativ pou Biznis moun Nwa; BBI) kontan fè konnen li se “inisyativ devlopman ki pi ansyen k ap sèvi biznis moun nwa nan Kanada”. Enpak BBI genyen an pa t ap posib si l pat jwenn rasin li nan fason kominote nwa nan Nouvèl Ekòs te deja chwazi òganize yo. Anviwon 30 lane anvan kreyasyon BBI, kominote a te deside mete ansanm pou planifye yon pwosesis devlopman ekonomik, soti depi nan estrikti de baz yo pou monte, nan lide pou nwa nan Nouvèl Ekòs yo jwenn aksè pou patisipe nan fòmasyon sou biznis ak lòt kou pou devlope kapasite yo. Aktè ki te patisipe nan premye ekip travay la te itilize metòd rechèch aplike ak konsiltasyon kominotè (yo te fè 18 sesyon) pou ekri yon rapò ki genyen rekòmandasyon ki pratik ak etap pou poze aksyon pou reyalize yo.  Nan lane 1996, se preyokipasyon premye ekip travay sa a ki ta pral pèmèt mete sou pye Sant pou Devlopman Biznis Afwo Kanadyen (Centre de développement des entreprises afro-canadiennes), ki pita pral mennen kreyasyon BBI.

Imaj 6. Ibanis Sonide Simon nan rantre biwo Delmore “Buddy” Daye Learning Institute (DBDLI) ki genyen yon bibliyotèk plen ak liv ki ekri sou eksperyans moun nwa. Òganizasyon san bi likratif sa a ankouraje ekselans nan domèn edikasyon ak rechèch afwosantrik nan lide pou sipòte etidyan ak kominote nwa yo.

Menm si li se yon òganizasyon k ap sèvi kominote Kanada a globalman, istwa BBI chita sou konesans lidè ak manm pèsonèl li yo devlope akoz rasin panafrikèn yo. 

BBI se rezilta travay lidè Kanadyen Nwa ap fè depi lontan - travay ki pran an kont reyalite abitan Nouvèl Ekòs ki se desandan afriken (sa nou rele afwo-newo-ekosè yo) ak lòt gwoup moun nwa ki imigre nan Kanada nan peryòd ki vin apre yo. Rustum Southwell ki soti nan zile Sent Kits ak Nevis nan Karayib la se manm fondatè BBI; li te jwe wòl prezidan òganizasyon an soti 1996 jiska jou li pran retrèt li, tou dènyeman la. Fason Southwell rive ak tabli tèt li Kanada se reflè reyalite diferan vag deplasman karibeyen ki imigre Kanada, soti depi nan peryòd Nèg mawon jamayiken yo rive jounen jodia. 

Politik piblik kouwòn (britanik) lan kontinye gen gwo enpak sou chema imigrasyon moun nwa yo; se Lwa sou Imigrasyon 1962 la, an patikilye, ki te retire baryè pou moun ki soti nan yon seri ras pat rive rantre nan Kanada. Apre chanjman politik sa a, ta pral genyen yon seri gwo vag deplasman moun ki soti nan karayib la pou vin imigre Kanada nan mitan 20tyèm syèk la. 

Nan koumansman ane 1970 yo, Southwell te enskri nan kanmpis Dalhousie University nan vil Alifaks pou l te ka etidye psikoloji. Li te vin enterese ak koze biznis pandan karyè li, se sa k fè li te vin pran tèt òganizayon BBI an kòm lidè li. Li te jwe wòl prezidan BBI pandan 25 lane; apre long peryòd li fè nan tèt BBI a, Southwell pran retrèt li e pase baton batay pou devlopman ekonomik ak kominotè a bay jenerasyon ki dèyè yo. Nan lane 2023, li pran yon nouvo tounan nan karyè li, kote li kite sektè biznis pou pase nan domèn etid akademik; se li ki nouvo chanselye Dalhousie University. Lidè nwa ki nan tèt konpayi jounen jodia, mete aksan sou fòmasyon nan domèn biznis nan menm liy estrateji san parèy BBI an.

Imaj 7. Sylvia Parris-Drummond, prezidant Delmore “Buddy” Daye Learning Institute nan tèt yon vizit gide espas la.

Fanm nwa ki nan biznis jounen jodia dakò bon jan planifikasyon ekonomik ki pran an kont aspè kiltirèl yo makònen ak devlopman yon kominote. Apwòch global sa a jwenn rasin li nan fason fanm nwa òganize yo menm pou yo siviv ak grandi ansanm nan moman difisil. 

Tia Upshaw se yon afwo-newo-ekosèz ki kreye plizyè biznis e ki ankouraje modèl planifikasyon sa a. Pandan pandemi kovid-19 lan, li pat rete chita gade e tann pou aza jere kijan kominote li ta pral leve nan domèn finansye apre move moman sa a. Nan lane 2020, li mete sou pye Blk Women in Excellence e bay tèt li kòm misyon pou l “rann otonòm ak sipòte fanm nwa ki nan biznis” toupatou nan Kanada. Apwòch sible sa a ede biznis fanm nwa rete djanm nan lide pou ede moun nwa kreye ak jere biznis nan kominote a. 

Yon modèl pou ibanis nwa nan Amerik di Nò

Restoran Mary’s African Cuisine lan se temwayaj rezilyans biznis yon fanm nwa nan Nouvèl Ekòs ka genyen lè li apiye li sou jefò òganizasyon kolektif kominote nwa a. Ekosistèm òganizasyon ki makònen pou sèvi moun divès ras ak san mele layite kò li atravè yon rezo enstitisyon ak inisyativ ki fèt menm sou baz eksperyans moun sa yo viv. 

Imaj 8. Yon plat manje nan restoran Mary’s African Cuisine lan.

Lòt inisyativ ki gen menm objektif ak Black Business Initiative epi Blk Women in Excellence vin kore travay y ap fè a nan diferan dimansyon. Nan nivo lokal, Sosyete pou Devlopman Ekonomik Kominote One North End (One North End Community Economic Development Society) anndan Alifaks bay asistans atravè divès pwojè tankou Fòmasyon pou Biznis ki fenk ap Demare nan North End (North End Startup Training) ak sipò pou jenn jwenn travay atravè Laboratwa pou Inovasyon Sosyal ANS yo (ANS Social Innovation Lab). Nan yon nivo ki pi laj, anndan rejyon atlantik kanadyen an, Tribe Network sipòte manm kominote Moun Endijèn, Nwa ak Koulè yo (sa yo rele Personnes Autochtones, Noires et de Couleur [PANDC] nan lang franse) nan jefò y ap fè pou yo inove oswa fè biznis. 

Jefò planifikasyon nan nivo kominote yo kontinye kenbe ak mennen pi lwen bon rezilta aksyon sa yo bay.   

Yon pwosesis planifikasyon devlopman ekonomik sou 5 lane pou ANS yo - ki pran rasin ak pran fòm apati konsiltasyon kominotè, tankou sa premye ekip travay BBI a te fè 30 lane anvan sa- se reflè gwo nesesite pou genyen enfrastrikti afwosantrik. Anndan estrateji esansyèl planifikasyon sa a nou dwe jwenn jefò ranfòsman inite ak kapasite nan mitan kominote nwa yo; èd pou manm kominote a gen tit pwoprieyete (papye tè), devlopman enfrastrikti fizik ak inisyativ pou atire envestisman; ansanm ak pi bon patisipasyon nan ledikasyon, travay ak kreyasyon biznis. 

Egzistans enfrastrikti sa yo nan lantouray biznis Mary a ak biznis pa lòt nwa se kondisyon esansyèl pou yo rive genyen bèl pèfòmans epi fè siksè. Pandan popilasyon anndan kominote nwa yo nan Amerik di Nò kontinye ap miltipliye epi fenomèn jantrifikasyon an kontinye ap vale teren (jantrifikasyon se deplasman ansyen abitan nan yon zòn lè moun ki pi rich vin rete nan zòn nan epi fè pri tout bagay monte), nou dwe mete men pou nou ranfòse bitasyon ak biznis moun nwa pou yo kontinye egziste epi grandi.

Previous
Previous

This Canadian Community Shows the Key to Thriving Black Urbanism

Next
Next

Cette communauté canadienne montre la clé pour un urbanisme noir prospère